Saint-aime Darlington Ralph
banner
tikouzen.bsky.social
Saint-aime Darlington Ralph
@tikouzen.bsky.social
Je suis un passionner du web et de la technologie informatique.
https://medium.com/@ti_kouzen
Gen yon zanmi kite di m yon jou: "Apwann konnen lè w fò ak lè w fèb". Li te trè saj, men mwen men m mwen vle ajoute yon bagay ak laj mwen ak esperyans ke m viv yo. Se nan fèbles ou ou rekonèt fòs ou, pou w ka apwann parèt fèb men m lè w fò.
December 8, 2025 at 2:48 PM
Mwen rive nan yon etap nan lavi m kote m prefere pou m pou kò m pase m mal antoure, mal konprann, oswa mal renmen.
​Epi franchman, m santi m pi byen konsa.
November 23, 2025 at 11:48 AM
Putain mois de Novembre!
November 15, 2025 at 1:13 AM
Mwen komanse #BreakingBad jodia, se pou la premye fwa m ap gade m. Mwen panse m ap pase wikènn nan ladann. Mwen espere ke m ap trouve l osi bon ke sa yo di a.
November 8, 2025 at 2:13 PM
💀 Bòn Fèt Gede! 💀
Ann onore zansèt nou yo, sonje fòs yo, epi selebre lavi ak kè kontan.
🕯️💜
November 1, 2025 at 1:00 PM
Lè n gade mizè pèp la ap pase la, nou poze tèt nou yon sèl kesyon : èske n ap kontinye bay pouvwa a menm dechèpiyè peyi a??? 😔
Soufrans sa yo dwe sèvi n egzanp.
🇭🇹💔😭
October 30, 2025 at 4:58 PM
Yon jenerasyon paradoksal.
Yon jenerasyon ki gade tèt li nan filtre olye nan miwa,
ki chèche validasyon nan “like” olye nan verite.
Yon jenerasyon ki adore lajan,
men ki rayi swe ki dwe akonpaye l.
Yo mete "byen parèt" pi wo pase "byen viv".
October 23, 2025 at 12:42 AM
« Le chef doit être le bouclier de son peuple et le garant de sa liberté. »

Jean-Jacques Dessalines.
October 17, 2025 at 11:11 PM
Ou konnen mwen rann mwen kont ke #Natcom pi pa serye ke sa m te panse a, ou konnen se pa selman yon pwoblèm nèt mobil yo genyen. Se tout sistèm natcom nan ki pa kanpe sou anyen, pa egzamp fè yon kòd USSD pou w swa kontwole kont ou oubyen ou verifye yon kelkonk enfo pou w wè. Obsève byen epi wa di m.
October 17, 2025 at 10:52 PM
🚀 Ayiti nan plan ChatGPT Go!

Ou ka kounye a jwenn aksè a GPT-5 konplè ak tout fonksyon avanse pou $5/mwa sèlman! 🎉
Jenere imaj, upload fichye, epi eksplore tout kapasite entèlijan ChatGPT.

#ChatGPT #OpenAI #Ayiti #AI #TechNews

🔗 chat.openai.com
ChatGPT
A conversational AI system that listens, learns, and challenges
chat.openai.com
October 15, 2025 at 1:19 AM
Jis pou n ka gen yon ide
October 14, 2025 at 3:58 PM
Nou ipokrit konsa, poukisa nou pa di Iphone 17 yo cho tankou dife tou, sitou nan denyè mizajou sa yo sot resevwa yo. 😒
September 20, 2025 at 3:53 AM
Depi nèt mwen pi ba ke sa kounyea, mwen gen pwoblèm. Mwen finn gate 🤧
September 19, 2025 at 1:25 PM
Psssh...
Entènet mwen an optimize!
September 8, 2025 at 8:34 PM
Cher Algorithme, connecte-moi avec des gens hypersensibles, discrets, et un peu fatigués du monde… des gens simples, profonds, et gentils.
September 7, 2025 at 10:06 AM
Si objektif @natcom sete ede etidyan/elèv ayityen yo vre se pa Tiktok li tap ajoute sou sim yo a, nan yon peyi ki deja pa men m gen fakilte ak lekol ladann deja. Si vrwman yo vle fè yon bagay serye, se Chatgp-Gemini li tap ofri sou sim sila.
September 2, 2025 at 3:52 PM
Nouvèl jounen an:
Plan mobil ilimite sou #Natcom

Men pou m di nou franchman, pri yi vreman wo.

Si sa enterese w tape *134*1# sou menpot sim Natcom pou w ka gen yon ide. Men m lè vre kestyon an kounyea se ak ki vitès, lè wap konsidere jan vitès net mobil yo a len nan plizyè zòn nan kapital la.
August 26, 2025 at 4:05 AM
🔎 Deep Dive – Rechèch, Repons, Konesans

Nou ap viv nan yon mond kote kesyon yo ap miltipliye chak jou. Se la Deep Dive antre an aksyon. Kanal sa fèt pou moun ki renmen fouye fon, konprann pi byen, epi jwenn repons ki baze sou:
August 18, 2025 at 12:33 PM
Jodi a se pa yon jou tankou tout lòt. Se jou map selebre kado lavi a, lanmou fanmi m, sipò zanmi m, e pi gwo benediksyon ki se egzistans mwen.

Mèsi Bondye pou chak souf ou mete nan lestomak mwen. Mèsi manman m, paske san ou pa ta la. Sakrifis ou yo se baz tout sa mwen ye jodi a. Mèsi anpil! 🎉
June 28, 2025 at 12:27 PM
Pase yon moun nan betiz poutèt telefòn li itilize a, mak rad yo mete oswa kote y ap viv la sèlman reflete povrete mantal ou antanke moun.
December 3, 2024 at 1:28 PM
Gen laj ou genyen, men sitou gen esperyans ou fè nan lavi w. Moun paka konn kisa kap bon pou ou, moun paka ap di w fè sa! Se ou ki konn kisa kap bon pou ou, pwan desisyon w epi asime l.

Yon sèl desizyon ka chanje tout
direksyon lavi w.✨
December 3, 2024 at 1:05 PM
Hallo, Bluesky! Bon weekend 😎
November 30, 2024 at 12:32 AM
Serie sa ki rele "From" nan m ap gade depi yè, mwen sou 2eme saison la mwen toujou pa jann ka konpwann anyen ladann. 🤦🏽‍♂️🤦🏽‍♂️🤦🏽‍♂️
November 25, 2024 at 8:18 PM
Okennn kolòn pa ka edem kanpe pi byen ke vètebral mwen.
November 25, 2024 at 6:53 PM
Oke! Kisa nouvèl la ye?
Enbyen, aktyelman la gen yon sim kap sikile sou rezo Digicel la ki ba w aksè ak entènet/minwit pou yon pri ki vreman diferan de sa nou konn jwenn dabitud yo. Pwoblèm nan sim lan, pa idantifye. Li gen yon plakèt menn jan ak tout lot sim yo, li enposib pou w rekonèt li.
November 25, 2024 at 5:16 PM